sábado, 28 de novembro de 2015

"Rejeté pou Ayiti LIB"

"Rejeté pou Ayiti LIB"

Jou nou deside konprann yon pep ki lib, se yon pep ki ka deside pou tèt li; yon pèp ki lib, se yon pèp ki gendwa chwazi ki moun li vle pou dirijel, san presyon, san kout lajan pou achte konsyans vòt li ki se diyitel, men ak konvisyon, men sitou lè gen yon pwojè ki reyini konsyans tout nasyon an nan chimen développant reyel.

Nou sispann lib, depi lè yo touye Papa Dessalines, Nou sispann Lib paske tout dirijan ki vin apre yo, se pwofitè, piyajè, kolabo ak machann Peyi, nou sispann Lib paske dirijan Ayisyen yo toujou vann dwadenès yo nan zafè libète pou KRAS manje.

Jodia nou rive nan yon kafou pou nou deside pou desten nou, tout moun dakò ke konsyans nou mare tankou filzare'yen, nou pa ka monte, nou pa ka desann: ANN KANPE.

Tout moun wè klè : Seleksyon Mateli pwal Bay 27 Desann lan, ouswa nenpòt ki lè a, pwal destabilize peyi a pi rèd. nenpòt moun ki al patisipe ladann, ap konplis tout sa ki pwal rive aprè.

Tout moun konnen resilta a deja, si nou ta wè, se pa Moun pa Mateli a ki prezidan, aprè tout jèfò sa yo li fè, fèm konfyans, gen yon DEAL ki fèt.

Eske nou prè pou nou kontinye viv nan condition sa a?

Ki lè nap deside poun LIB? Ki lè nap Konprann ke libète se yon konstriksyon pèsonel épi kolektif. chak jou fòw pote you roch nan konstriksyon sa a, e lè ou fè erè, fòw ka gen kouraj pou rekomanse.

Depi Novanm 2013, analyz politik nou te pemet wè peyi a tap rive la. Mateli tap Mennen nou la. nou te mande popilasyon an ak tout moun kap REFLECHI AK TET yo, pou byennet peyi a pou yo panse a you transizyon. Pa nenpot ki transizyon:

1. Yon tranzisyon ki pataje yon lòt vizyon politik pou nou rive devlope peyi a epi sotil nan fòm esklavaj Mateli ak lèzot yo fourel.

2. yon tranzisyon ki gen yon manda klè sou ki sa li gen pou l fè, men ki sa li bezwen pou li fet e men ki tan li bezwen pou tout sa rive fet.

3. yon tranzisyon ki genyen yon travay espesifik pou li fè : reyalize bon jan eleksyon.

Nap profite du pou tout moun : Si wap panse tranzisyon pou vin chef li, ou po ko pare, ou pwale fè chemin paw; Si wap panse tranzisyon paske w te depanse anpil lajan, sa vle di ou pral vin tire lajan w te depanse yo nan Bou..a... peyi a paske fòk ou ranbouse det eleksyon.

Fòk transizyon sa a Onet; Fòk li matye, nanm pou nou rive soti peyi a nan sali ye la a.

Konpatriyot Ayisyen, Lidè politik ak nouvo lidè ki kandida jodia a, Zafè eleksyon se zafè moman, se yon kesyon de rèv nasyonal, konstriksyon nasyonal et dans le cas de notre Pays, c'est une question de changement de Systeme et de refondation de l'État nation.

Alors, Soyons Prêt pour entamer cette partie de la mission d'Haïti sur terre!

"Rejeté pou Ayiti LIB"

Joe Marie Judie C. Roy
REPARE'N

Arioste Beauvin
FHeVert

Nenhum comentário:

Postar um comentário