sábado, 31 de janeiro de 2015

Nou se Eritye vèt kap chache bòn poun rafrechi lizyè!

 Nou se Eritye vèt kap chache bòn poun rafrechi lizyè!
FHEVERT ap kleronnen yon mannyè tou nèf pou fè politik anndan Peyi a, “ki se Politik Ekolojik”, ki chita sou kouman kòd lonbrit nou, antan ke moun, mare ak lanati. Politik sa a ap garanti bonjan kondisyon eritaj la, Tè Zanzèt nou yo te achte ak san yo. Politik sa a ap pèmèt lavi ak byen tout Eritye yo pwoteje.
Pou sòti nan yon bèl peyi “tankou Ayiti cheri, Ayiti Toma” pou rive sa li ye jodia, Ayiti chanje anpil, figi degrade nèt akòz jan nou neglije sa ki antoure’n, jan moun nan sosyete a ap debat ak lavi, men tou, akòz respè nou manke pou « Kilti » ki se « Nanm » nou kòm pèp, nou pase anba pye tout sa ki te fè nou moun, nou bliye tout bon abitid kite genyen nan mitan nou ak sa ki antoure nou, nou detwi bitasyon yo, nou vann demanbre yo, nou desakralize tout sa ki sakre, Konsekans, nou pèdi idantite nou.
Ann sèvi ak leson nou aprann nan pase nou, poun vanse sou demen pandan n’ap evite poun pa pran epi rete nan pyèj kote’n te fè fopa. Sin pa avanse, se bak nap fè paske anyen pap rete tann nou. Nou poze aksyon se pa pou yo relen aksyonè pou kraponnen vijilans pèp la epi detounen kapasitel metel chita tann mirak ba l manti.
« KONNEN – VLE – KAPAB » Se bagay sa yo ki gouvènen tout sa wap fè, fòk ou koumanse siw vle rive, se yon lòt verite.
Pou byen pran responsablite demen peyi a FHEVERT pran pozisyon depi jodi a ak yon politik ekolojik. Fòk politik ak mannèv pou anviwonman rete sen poun refè Ayiti. Politik ekolojik sa a dwe menm tout kote nan peyi a depi nan bitasyon jouk rive nan vil yo nan kanal oganizasyon yo.
FHEVERT wè klè jan peyi a malad grav Ekolojikman kòz enkapasite moun kap dirije yo. FHEVERT pare pou kraze tout vye miray. Pa gen manti nan sa, pyès moun pa ka pi renmen eritaj la pase Eritye yo. Ayiti se pou Ayisyen, fok « RESOUS YO PATAJE ». 
Sa Ayiti ap ye a se nou menm kap fèl, jan Zanzèt nou yo te fè l deja.
Iyorans sou listwa nou ak relasyon nou ak lanati lage’n nan twou, men malgre sa peyi a konsève bèl soley la, mezi chalè ak mezi van pou fèl gen gou paradi. Kote l chita a nan mitan tè a daprè sa anpil moun save di fèl yon mirak mete sou tout resous li yo : Fanm ak gason pitit tè a. Se sou baz tout reyalite sa yo FHEVERT gen asirans ansanm ak tout lòt gwoup kap batay pou chanje kondisyon lavi, politik tou nèf sa a se zouti poun chanje sa.
Dirije yon peyi kou ayiti se pa yon jwèt. Fòk gen moun, fanm ak gason ki pi fò ke defi yo. Fòk moun kap dirije yo gen kapasite pou wè klè pou avanse menm lè lita fè pi nwa.
Paske lè’w ap gouvènen, ou bezwen kouraj pou poze aksyon. Kouraj la se yon kalite ki abite nan nanm. Se pou tèt sa, nan tèt peyi a nou bezwen moun ki kapab reflechi pou wè klè, ki kapab konnen davans konsekans zak lap poze, ki responsab e ki gen bon sans, ki ka kanpe deyè desizyon l, ki ka devinen byen ak mal. Ayiti bezwen fanm ak gason ki kapab pou dirijel.
Nou mande lajenès, fanm ak gason vanyan, moun lavil, moun nan mòn, tout Eritye kap viv aletranje, nou ki se Eritye Tè sa a gonfle fos nou anndan lide sa a poun KONSTWI EKOLOJIKMAN PEYI SA A KE ZANZÈT NOU YO MOURI KITE POU NOU.
Ayti ! Ayzan ! Aybobo !

Oganizasyon ak Pati Politik ki siyen:
1.) (PVH) Parti Vert Haïtien / Resp. Arioste Beauvin 
2.) (ASPRE) Resp. Manassé Thelusmé 
3.) (GREDSE) / Resp. Ariond Noezil 
4.) (MOJEK) Mouvman Jèn Konsekan / Resp. Pierre Eriphin 
5.) (AKMOSOVIM) Aksyon moun kap Sove Vi Moun / Resp. Mamé Jean Gerard 
6.) MOPAGDER / Resp. Lerissaint Saint Jean 
7.) (MJR) Mouvman Jèn Revolisyonè Ti Goav Resp. Delors Desgranges 
8.) (KOVOG) Kolektif Vodouizan Otantik Grandans / Resp. Rosemène Joseph
9.) (ULDHA) Union des Citoyens pour le Développement. Resp. Ceide Fritz 
10.) SOS/ SODEDECIP Resp. Turenne Frantz 
11.) (OCDESUD) Resp. Wilfrid Benoit
12.) (OPPN) Organisation des Paysans Planteurs des Nippes Resp. Francisco René 
13.) (MJAO) Mouvement des Jeunes Actif de Ouanaminthe Resp. James Philippe
14.) (TAGBP) Tèt Ansanm de Gran Bwa Pin Resp. Rodrigue Novembre 
15.) Groupman Lavi Woule Sud’est / Resp. Jean Pierre
16.) (FHEVERTS) Pierre Jacques Chery, Coordonnateur en environnement et développement durable
17.) (FHEVERTS) Arioste Beauvin, Coordonnateur FheVerts - Haiti